Saturday, January 23, 2016

Michel Martelly, the Cave Man, Must Leave on February 7th

Michel Martelly prides himself in saying that he does not listen to the news. It is as though he confines himself within a surreal world (his cave), taking for truths all the falsehoods that are reported to him. Just like the three individuals in Plato’s story who were born in a cave, his imaginary is impregnated with shadows as opposed to realities. Therefore, he does not get to understand all the intricacies of the country’s political landscape, relying entirely on his advisors (national and international) who keep telling him all is well in the best of worlds.

He does not have the relevant intellect to know the moment to fear the most is when the country is apparently calm. The absence of street noise for quite a while is perceived as a “carte blanche” given to him to move forward with his anti-democratic endeavor, which is to impose Jovenel Moise as his immediate successor.  This explains why, along the way, he thought he was entitled to attack (verbally or otherwise) some key elements of society (e.g. the physical attack on Radio Kiskeya and the mention of journalist Lilianne Pierre Paul in his new carnival song).

“Adelante,” Spanish word for ahead, was a dominant recurring theme of every speech he made prior to January 22, 2016, a way of saying the election would go on with one candidate. Pure and poor thinking of a cave man, because such a thing never happens even in the most renowned anti-democratic part of the world.  Michel Martelly probably came to that conclusion on the instigation of Stanley Lucas, referring to what happened in Costa Rica and Argentina more than a decade ago. But what cave man Michel Martelly failed to know and understand is that in the case of Porto Rico and Argentina the opponents conceded their defeats ahead of the run-off elections as a way for their respective country to save the money that would be spent on the occasion---a far cry from what was intended by Michel Martelly, Evans Paul, and the Provisional Electoral Council who attempted to impose Jovenel Moise to the country despite Jude Celestin’s refusal to participate in the run-off due to massive irregularities and frauds observed by the government’s own investigative commission.

By nature, a cave man is a hard liner. He persists in believing in the shadowy images of the cave until he is forced out to see and apprehend the real world and what it is made of. Even then it takes him some time to see clearly. Such was the behavior of  Michel Martelly up until January 22, 2016, despite the many calls alerting him of the people’s upheaval  against his regime. The people waited and waited quietly, but to no avails. As soon as it took matter into its own hands, setting afire some valuables, the electoral process as wanted by Michel Martelly was postponed sine die.


It is hard for any civilized person to condone the burning and breaking down of almost an entire city, but, at the same time, the government who represents the people is to echo its aspiration.  The people, too, are to make certain that they elect honest and able individuals to represent them, not a deviant, a cave man like Michel Martelly---one who still believes in dictatorship in this twenty-first century.  Nonetheless, the Haitian people needs to stand firm on its demand that Michel Martelly’s reign must end no later than February 7th 2016 before midnight. Prolonging his mandate is giving him, among other calamitous things, the chance to go ahead with his obsession to ridicule Lilianne Pierre Paul in the carnival. This, he may probably do elsewhere, not in Haiti.  

Reginald Villier
01/23/2016                                                       

Friday, May 29, 2015

Stanley Lucas ak akolit li yo, yon bann ipokrit san ni moralite ni konviksyon politik

Pouki tout bri? Pouki tout bri mwen mande ankò? De ki prevyen, Stanley Lucas, oumenm ak tout akolit ou yo: Michel Brunache, Ralph Théano, Youri Latortue? Nou monopolize tout media yo pou-n menase Konsèy Elektoral Pwovizwa-a ak tout Kou Siperyè Dèkont lan akòz de kanè Sophia Martelly deja pran ak kanè  nou santi ke yo pwa-l bay Laurent Lamothe. Nou tout a la ronnbadè bezwen konnen ke enstitisyon sa yo pa fabrike enfòmasyon ni yo pa la pou tòdye sa lalwa di. Kidonk, si yon nèg ou yon fanm pran kanè pou dwèt long siperyè se pa fòt enstitisyon sa yo. Si yon nèg ou yon fanm pran kanè akòz de palman-an ki sanse kraze e ki pa kab ba yo dechaj se pa fòt ni Konsèy Elektoral Pwovizwa-a ni Kou Siperyè Dèkont la non plis. Se pwòp fòt pa mesye dam sa yo menm ki te dwe fè atansyon ak fason yo tap jere lajan peyi-a e fè yon jan pou palman-an te ret anvi.

Si Stanley Lucas ak tout akolit li yo te gen moralite, yo  ta-p oubyen asteni yo de pwochenn eleksyon yo oubyen aksepte vèdik Konsèy Elektoral la. Yo pa ta-p pran radio pou defann lendefandab. Dekrè elektoral la di pou yon minis, premyè minis ak òdonatè fon piblik yo jwenn dechaj fòk se yon komisyon bikameral palman-an ki pou ba yo-l. Ò, chanm depite-a kraze depi nan mwa janvye 2015 paske pouvwa egzekitif  la ke Laurent Lamothe te fè pati-a pa-t janm òganize eleksyon pou anpeche sa . Menm dekrè elektoral sa-a di okenn Ayisyen pa dwe gen yon lòt nasyonalite lan moman yap enskri pou pòs senatè ou depite.

Lalwa pale! Pouki tout bri, Stanley Lucas, Michel Brunache, Youri Latortue, Ralph Théano? Ki kote nou te ye lè tout patriyòt konsekan tap di danje, danje, pa kite palman-an kraze? Kisa nou te fè lè Laurent Lamothe tap imilye palman-an nan refize reponn ak tout konvokasyon yo te fè-l? San ke nou pa panyòl, nou tout tap di “adelante” paske nou pat konprann absans palman-an te kab vire kont nou tou. Kounye-a nou vle fè konprann ke Konsèy Elektoral la ak Kou Siperiyè Dèkont lan ap manniganse yon koudeta pandan ke se noumenm menm ki atizan swadizan koudeta sa-a. Nou pat rive konprann ke kraze palman-an se menm ak koupe branch bwa nou chita sou li-a.

Kounye-a nap evoke teyori “des formalités impossibles” pou-n mande Konsèy Elektoral-la aksepte tout moun patisipe nan eleksyon yo san dechaj, yon teyori ki pa egziste okenn kote nan lejislasyon peyi Dayiti. Moun ki pa gen moralite vre gen je chèch.

Oumenm Stanley Lucas an patikilye, kap viv nan peyi Etazini e ki renmen fè elòj jan lalwa ak demokrasi fonksyone nan peyi sa-a, di pèp ayisyen-an non si kote sa-a yo konn chanje règ nan mitan jwèt. Di yo si prezidan Etazini-an kapab anpeche eleksyon fèt e kraze palman Meriken-an. Di pèp Ayisyen-an la verite; bayo yon grenn fwa kote teyori “des formalités impossibles” sa w-ap pale-a te aplike nan peyi Meriken.

Stanley Lucas, ou konnen byen ke Sophia Martelly pa ranpli tout kondisyon yo pou poze kandidati-l pou senatè, men-w kontinye pèsiste di ke madanm lan kalifye. Kijan yon Meriken ka renonse ak nasyonalite-l?  Pou sa rive fèt  genyen yon pwosedi  byen long akòz de diferan ankèt ki dwe mennen sou moun ki fè demand denasynalizasyon-an.  Ankèt sa yo dwe revele ke moun sa-a pa gen okenn vye dosye anvan demand lan agreye; paske Tonton Sam pap gen yon kriminèl nan men-l pou-l kite-l chape si fasilman konsa. Antretan, si moun ki te fè demand lan chanje lide-l e ekri  gouvènman-an pou f è-l konn sa, tout pwosedi yo ap sispann. Eske se sa Sophia Martelly te fè? Nou pa konnen. Eske-l te peye taks li? Nou pa konnen non plis.

Sa ki sèten sèke tout rechèch  ki fèt revele ke swadizan renonsyasyon Sophia Martelly-a pa janm rive pibliye nan jounal ofisyèl gouvèman Meriken ki rele Federal Register-a. Kidonk, lan moman-l tap deklare kandidati-l pou Sena Repiblik la, madanm Prezidan-an pat genyen yon sètifika  ameriken de denasyonalizasyon.

Stanley Lucas konnen byen pwòp ke lan yon ka konsa Konsèy Elektoral la pat gen lòt chwa ke bay madanm nan kanè, men-l kontinye pale de apatridi, kòm kwa aksyon Konsèy Elektoral-la ta rann Sophia Martelly yon moun san nasyonalite ou san patri. La verite sèke Sophia Martelly kontinye a la fwa Ameriken e Ayisyen dorijin. Li se Ameriken paske demand de renonsyasyon lan pa janm abouti; li se yon Ayisyen dorijin paske manman-l ak papa-l se Ayisyen.  Donk, li se yon Ayisyen kanmenm men li pakab kouri pou pòs senatè akòz ke-l gen doub nasyonalite.  Se prèske menm lwa sa-a ki aplike lan peyi Etazini, kote yon moun ki gen doub nasyonalite pa kapab prezidan.

Pouki tout bri sa yo, Stanley Lucas? Pouki-w pat pwoteste kont dekrè elektoral la byen avan Laurent Lamothe te pran nan mera? Gran konesè  tankou-w pa di-w  pat wè kou sa yo tap vini kont Laurent Lamothe ak Sophia Martelly! Ayè ou tap pale kont moun lavalas yo pou konpòtman antidemokratik yo; ou tap rele yo e ou kontinye rele yo anakwopopilis. Men ou pa si diferan de yo, oumenm ak Ralph Théano kap mande pèp la an daki pou-l pran lari, pou-l  kraze brize. Ou se yon politisyen Ayisyen tradisyonèl san moralite, san konviksyon, kap vasiye de bò selon trajektwa van politik la. Ayè ou tap kritike lavalas, jodi-a menm lavalas sa-a se referans ou lan mande Prezidan Martelly pran dekrè pou-l bay tout ansyen minis ak premye minis dechaj, “menm jan Aristide ak Preval te fè-l.” Ou pa konsekan ak pwòp tèt ou, alevwa pou-w ta konsekan ak pèp Ayisyen. Te kwè noumenm tèt kale te vini pou-n chanje leta, kijan fè n-ap fè referans ak lavalas jodi-a?

Réginald Villier

29 me 2015

Tuesday, May 19, 2015

Mon Drapeau

Toi qui jadis campais sublime,
Symbole de fierté de tout un peuple,
Résultante des prouesses conduisant à l’épopée de 1804
Réalisée par les pères fondateurs.

Certes, tu flottes encore dans les airs.
Mais ta tête inclinée me dit Ô combien tu es embarrassé
De ne plus pouvoir accomplir ta mission en toute quiétude.
C’est que ceux pour lesquels tu existes,
Les hommes et femmes d’aujourd’hui, ne sont point à la hauteur
Pour comprendre les sacrifices consentis par les aïeux.

À coeur joie, ils ont trahi les efforts de Charlemagne Péralte
Et refusent d’acquiescer l’idée de l’Oncle
Qui nous demanda d’être “nous-mêmes.”

Oui, du haut du firmament, tu nous regardes avec pitié
Accueillir François Hollande,
Président français, arrière petit-fils de colons,
Revenu sur le lieu du crime sans remords aucun
Ni volonté de réparation ou de restitution
Pour les torts faits à nos ancêtres et à nous;
Cet homme d'état qui se croit être en pays conquis,
Porteur d’un message prejudiciable à Jean-Jacques Dessalines,
Mais favorable à la prise en charge
Du système éducatif haïtien par la France
Avec l’assentiment du Président Martelly
Ainsi que la complicité de notre élite intellectuelle
Qui n’a pipé aucun mot face à cette forme de colonialisme
Qui ne dit pas son nom.

Mon Drapeau, inquiet, tu te demandes perplexe
À quand ta substitution totale et nette par le tricolore français
Ou tout autre étendard impérialiste.

Mais ne t’en fais pas trop.
Car, n’en déplaise à François Hollande
Qui joue au diviser pour régner
En se réclamant à tort de notre Toussaint Louverture à nous
Au détriment de Papa Dessalines,
Je souscris encore à l’idée que l’arbre de notre indépendance,
Dont les racines sont à la fois profondes, nombreuses et vivaces,
Sera à même de repousser .

Car, j’ose croire dans une certaine renaissance Haitienne
Dont sera éclose toute une génération d'hommes et de femmes
Qui sauront se comporter dignement
À la manière de nos héros d’antan.
Réginald Villier
18 mai 2015

Saturday, March 14, 2015

Michel Martelly fè yon diskou sou pwoblèm Sendomeng la ki prejidisyab ak sekirite peyi Dayiti

Laprès dwe fè travay li byen. Lè-l ap analize yon diskou li dwe analize-l an pwofondè, non pa sipèfisyèlman. Semenn pase-a, prezidan Martelly te finalman pale an piblik de pwoblèm peyi Dayiti ak repiblik Dominikèn nan. Laprès Ayisyèn, prèske a linanimite, deklare ke se te yon bon diskou. Jounalis nou yo etènize yo sou lefèt ke misye Martelly reklame yon byen meyè tretman pou Ayisyen kap viv lan Sendomeng  yo san teni kont de tout lòt bagay li te di yo.

Prezidan-an kòrèk lè-l di ke Ayiti ak Sendomeng pa gen lòt chwa ke viv ansanm lan bon zanmitay. Menm bagay la tou -l kondane anvayisman konsila Dominiken-an ak tout drapo yo-a ke yon seri de sitwayen Ayisyen te boule. Se yon bon bagay an fonksyon de trete ak konvansyon entènasyonal ke peyi Dayiti ratifye e siyen. Anfèt, nou pa gen anyen a pèd lè-n mete-n bò kote la lwa. Se zafè pa gouvènman Dominiken-an si jiska prezan-l pa fè yon deklarasyon parèy sou injistis ke frè-n ak sè-n yo ap sibi de tanzantan lòt bò fwontiyè-a ou konsènan drapo pa-n la ke kèk sitwayen Dominiken te boule. Fason ke prezidan Martelly pale-a voye yon siyal klè bay rès mond la ke sak te fèt lan konsila Dominiken-an pat yon krim deta; tandiske silans gouvènman Dominiken-an pa rapò ak kalvè Ayisyen yo ap monte lan Sendomeng demoutre konplisite leta Dominiken-an limenm menm.

Apa de sa, tout lòt bagay prezidan Martelly te di lan diskou-l la prejidisyab ak sekirite peyi Dayiti. Genyen nesesite pou-n kenbe yon langaj fèm lè nap pale de resòtisan Ayisyen kap viv an Dominikani yo, kote yon jenosid te fèt deja kont Ayisyen. Mande pou pa gen reprezay kont Dominiken yo kap viv lan peyi Dayiti pou evite yon masak kont etidyan Ayisyen kap viv lan Sendomeng yo se bay popilasyon ak otorite Dominiken yo yon konsiltasyon gratis sou kijan pou yo reyaji. Si-l te konn itilize langaj diplomatik byen, si-l ke konn sikoloji pèp ak gouvènman Dominiken-an byen, prezidan Martelly tap aple pèp li-a okalm san-l  pa fè alizyon ditou ak Ayisyen kap viv lan Sendomeng yo. Li fè gaf sa-a oubyen paske-l pa antoure-l ak diplomat chevwone oubyen paske-l pa tande konsèy. Epi-w mande tèt ou tou poukisa-l pale de etidyan Ayisyen yo sèlman ki reprezante yon minorite pa rapò ak ansanm Ayisyen kap viv lan Sendomeng yo.

Sa moutre prejije ki travèse yon bon pati lan moun ki dirije peyi Dayiti yo depi lontan e jouk jounen jodi-a. Yon prezidan ki rive opouvwa sou banyè yon òganizasyon politik ki rele “REPONS PEYIZAN” ta dwe konsène pa peyizan Ayisyen kèlkeswa kote yap viv, men misye Martelly prefere afiche-l an favè moun ki pi kapab yo. Kisa majorite Ayisyen kap viv nan Sendomeng yo ye si se pa malere peyizan? Sa pa ta dwe etone pèsonn an reyalite de prezidan Martelly ki abitiye trete sèten moun nan sosyete-a de pòv. Anpil lan nou sonje ensidan sa-a ant prezidan-an ak mèt André Michel e mèt Newton Saint Juste, kote-l te joure yo ti avoka pòv.

Prezidan Martelly pa rive konprann nonplis ke gen lòt fason ke lafòs dèzam pou-w fè lagè e genyen lagè. Pandan lap chèche apeze pèp la pou-l pa rekouri a la vyolans kont Dominiken kap viv nan peyi-a, li raple-n ke-n pa gen yon lame e souzantann ke Dominiken yo gen kapasite pou anvayi e okipe Ayiti. Yon bagay konsa pa bon ditou pou yon prezidan di an piblik menm lè-l ta kwè-l lan fon konsyans li. Li revyen ak Dominiken yo pou detèmine sa poukont yo. Travay pa-n se bay enpresyon ke-n envensib, dotan ke-n te okipe la Dominikani deja e nou te bat Lafrans pratikman ak zong nou. Prezidan Martelly pat dwe fè alizyon menm menm ak lame nan diskou-l la paske pale de absans yon lame ayisyen se avwe vilnerabilite-n bay Dominiken yo. Baze sou istwa-n, si te gen yon ti krent ankò kay Dominiken yo pou anvayi peyi Dayiti, misye Martelly efase sa konplètman ak diskou la. Donk, pa etone-n si sa ta rive nenpòt lè MINUSTAH kite peyi-a. Petèt lan moman sa-a misye Martelly ta twouve-l nan bòl grès li --- limenm ke anpil moun doute de sitwayennte-l e ki te pale de inifikasyon Sendomeng ak Ayiti pandan kanpay elektoral la.

Réginald Villier/14 mas 2015

Sunday, March 8, 2015

Sauveur Pierre Etienne ap jwe politik ak lanmò Oriel Jean

Sauveur Pierre Etienne, gwo syantifik devan pè letènèl. Gwo “politològ” ke-l chante tout tan ke-l ye-a, kouri fè deklarasyon tèt anba sou lanmò Oriel Jean ki te rive nan jou-k te 2 mas 2015 lan, limenm ke vakabon sou motosiklèt te krible ak bal pandan-l tap sòti lan machin li. Nan landmen krim sa-a, sèl politològ peyi-a te rann Lavalas, kidonk Aristide, responsab. Toudenkou, gras ak Sauveur Pierre Etienne, Ayiti sispann yon peyi kote “l’enquête se poursuit”.

Sèl politològ nou an chwazi eksplwate lanmò misye Oriel Jean-an ak yon fen politik, olye-l plase-l lan-w kontèks pi laj ki pran pase viktim nan an konsiderasyon. Piblik la dwe sonje ke Oriel Jean te chèf sekirite palè nasyonal sou Aristide. Misye te yon dwòg dilè tou pandan-l tap okipe gwo pòs sa-a. Lan vann poud, misye te konn fè anpil lajan. Li te konn fè lajan sal sa yo pase pou bon lajan de konivans ak yon seri de zanmi pèsonèl li ak zòt lan sistèm bankè-a. Se sa-k rele blanchiman lajan-an nan langaj jiridik peyi Dayiti ak prèske tout lòt peyi nan mond lan.

Aristide tonbe an 2004 aprè yon bon sektè nan pèp la, klas mwayèn ak boujwazi-a te leve kont li. Oriel Jean ak yon pakèt lòt moun nan rejim lan te jete yo. Misye te al nan peyi Canada kote-l te jwenn arestasyon-l. Yon tikras tan aprè, Etazini te mande Canada pou-l ekstrade misye Jean ba li. Misye te jwenn jijman-l e kondane pou yon tikras tan nan prizon poutèt ke-l te kolabore ak la jistis. Lè-l te fin pije pèn li, li te deside tounen nan peyi Dayiti.

De retou nan peyi Dayiti, misye rekipere yon bon pati nan byen-l yo ke leta Ayisyen te sezi. Li ta sanble ke yo te remèt li byen sa yo pou kolaborasyon-l ak lajistis Ayisyen nan zafè Jean Dominique lan, gran jounalis sa-a ki te mouri asasine an lan 2000. Yon asasina ke anpil moun sispèk ki ta gen pou-l wè ak Aristide kòm otè entèlektiyèl selon sa Oriel Jean ta di jij denstriksyon an. Si Oriel Jean te di jij la sa vre de Aristide, tout ankèt serye sou lanmò-l ta dwe gade an direksyon de Lavalas.

Men yon ankèt tout bon pa kapab pa teni kont tou de katèl dwòg sa-a ke misye Oriel Jean te fè pati-a. Si Oriel Jean te kolabore ak la jistis nan peyi Etazini sou zafè dwòg, konbyen moun nan katèl li-a ke-l te denonse ki oblije al lan kanpe lwen pou meriken pa arete yo padan ke misye Oriel Jean ap vake nòmalman, ap byen mennen? Pandan ke yon pakèt ladan yo pwobableman tonbe sou lagraba e ap viv an kachèt, èske misye Oriel Jean te janm lonje yo lamen?  Nan tout ansyen kolaboratè-l sa yo, konbyen ki ta fache kont li e deside fann fwa-l? Answit, si nou dakò ke ouvrye pa janm bliye metiye-l, kijan-n fè konnen si misye Oriel Jean pat retounen nan zafè vann dwòg sa-a ankò e si lanmò-l pa ta gen pou-l wè ak yon move dil? Kisa Sauveur Pierre Etienne fè de ensekirite jeneralize kap sevi nan peyi-a, kote omwen yon douzèn moun te mouri pa bal nan zòn metwopolitenn lan semenn dènye-a? Kijan yon nonm avize kòm Sauveur Pierre Etienne pa responsabilize gouvènman-an ak leta-a lan tout rigòl san sa-a kap koule nan peyi-a lè yo grasye yon bann kriminèl notwa e pèmèt plis ke 300 prizonye evade prizon Croix-des-Bouquets a?

Genyen yon sèl repons ak tout keksyon sa yo. Sauveur Pierre Etienne se yon politisyen tradisyonèl ki pap ezite di ou fè nenpòt ki bagay pou-l arive opouvwa. Li gen yon sèl obsesyon ke-l rele Jean-Bertrand Aristide ou Lavalas. Obsesyon sa-a anpeche-l aji kòm yon politològ, yon syantifik tout bon. Sauveur Pierre Etienne tèlman obsede ke-l pa menm reyalize fason-l pale de Oriel Jean-an, dwòg dilè-a, li prezante-l  kòm yon pwòchSe pa seriye kanmenm pou Sauveur Pierre Etienne ap itilize lanmò yon nonm pou-l regle ak matlòt politik li. Li deklare ke Oriel Jean te di-l anvan-l mouri ke limenm  Sauveur Pierre Etienne ak Guyler Delva sou yon lis de 4 moun ke Lavalas ap planifye pou abat. De grâce, Sauveur Pierre Etienne! De grâce! Si-w te mete piblik la okouran de sa pandan Oriel Jean te vivan, petèt nou ta vle kwè ke sa gen yon verite ladan-l. Men di nou sa apre lanmò-l sanble plis ak yon manèv politik. Apretou, Oriel Jean pap janm kapab leve pou-l di nou davantaj sou swadizan lis sa-a. Quelle honte!


Réginald Villier/8 mas 2015

Saturday, February 21, 2015

Men sa nou dwe fè kont agresyon Dominiken yo

 Ayisyen fè wont sèvi kò chak fwa Dominiken fwape yo. Se moman pou yo eksprime endiyasyon ak fyète yo e sitou fè referans ak zansèt yo; pale de Ayiti kòm yon gwo peyi, yon gwo nasyon nèg nwè, yon sèl la nan tout mond lan ki te pran lendepandans li ak fòs ponyèt li.

Nou te eksprime-n konsa 25 kan de sa lè nou te aprann mizè Dominiken tap fè frè ak sè nou yo pase e kalite eksplwatasyon yo tap sibi sou plantasyon kann yo. Nou te pwoteste konsa 10 zan de sa kont fason Dominiken tap voye Ayisyen tounen pa bann ak pakèt san okenn jistifikasyon. Nou te pwoteste konsa 3 zan de sa kont fason brital Dominiken te touye yon etidyan Ayisyen. Yon lane de sa nou tap plenyen kont lwa rasist Dominiken-an ki te retire nasyonalite yon dal Dominiken dorijin Ayisyen. Semenn denye-a e jouk jounen jodi-a nap plenyen kont drapo nou ke Dominiken boule ak yon frè Ayisyen nou yo te touye e pann sou laplas piblik.


Nou kriye, nou bat lestomak nou, nou pwoteste. Epi anyen. Nou pa janm fè ni tante fè sa-k pi enpòtan-an. Moun rich, moun klas mwayenn ak moun ki gen konesans yo pa janm konfronte pwòp tèt yo ni gade figi yo nan miwa e pran vrè rezolisyon ke sitiyasyon-an nesesite. Gouvènman Ayisyen tou ki gen eleman tout klas sosyal sa yo ladan-l pa janm kreye kondisyon favorab pou envestisman, kwasans ekonomik ak kreyasyon danplwa anndan peyi-a.


Chak moun, akòz de pwòp enterè endividiyèl pa yo, refize wè ke diyite Ayiti depann dabò de vitalite ekonomik li e kapasite-l pou-l akomode tout pitit li. Ayisyen-an al plante kann, lal viv an domestisite, lal fè chany nan Sendomeng paske Ayiti pa ofri-l anyen. Jennjan ak jennfi ki plizoumwen kapab-la al lekòl Sendomeng tou senpleman paske inivesitè nou yo twò piti e pa founi yon ansèyman de kalite.


Anpil nan nou panse ke sèl fason pou-n fè onè ewo ak zansèt nou yo se site non yo lè zòt derespekte-n. Anpil nan nou panse ke ewo ak zansèt nou yo fyè de nou lè-n kontante-n sèlman de pwoteste enèjikman kont move tretman-n sibi nan men ennmi-n yo. Se vre ke-n pakab rete pasif kont okenn enjistis. Men pa gen bagay ki pou ta fè ewo ak zansèt nou yo pi fyè de nou ke si-n ta fè peyi sa-a avanse pi plis ke jan yo te bannou-l la.

Pa gen okenn dout lan sa: Ayiti rete peyi-k pi pòv lan karayib la. Yon peyi ke tout moun lan mond la ap pase nan rizib akòz demisyon lelit ekonomik ak entelektiyèl nou yo. Souvan yo di ke blan-an se premye kòz soudevlopman peyi-a. Men nou bliye souvan ke  "la nature a l’horreur du vide". Tout sa ki fè fyète nou te pase 200 zan de sa ak Toussaint, Dessalines e lòt ewo-n yo. Apre mesye sa yo te fin ranpli misyon-k te pa yo-a, nou pase 210 zan azero, san pa genyen okenn moun nan elit nou yo ki emèje pou mennen peyi-a pi lwen. Se demisyon total kapital lelit nou yo ki kòz ke blan-an antre lan peyi-a, kote li koupe li rache selon volonte-l. Jean Price Mars eksplike sa byen nan liv li-a ki gen pou tit “Vocations de L’élite”.


Nou vle mete-l klè pou tout moun konprann: manifestasyon sèlman kont move ajisman Dominikan yo fè sou drapo-n lan ak sou Ayisyen sa-a ke yo touye e pann sou plas plibik-la pa pwal rezoud anyen. Vrè solisyon-an se  jefò pou Ayisyen sispan ale viv kay vwazen. E sa pase nesesèman pa envestisman, kwasans ekonomik ak kreyasyon danplwa. Nou konsyan ke se pa pwal yon bagay fasil. Se poutèt sa, nan jou, semenn ousinon mwa kap vini yo,ta sipoze gen yon gwo woumble ant aktè kle nan sosyete-a pou deside finalman ki oriyantasyon ekonomik peyi-a dwe pran. Menm lè nou ta rive ak yon desizyon ki favorab ak peyi-a, kreyasyon de yon fòs de presyon ki okipe-l de zafè ekonomik sèlman ta yon bagay pou-n ankouraje. 

Réginald Villier/21 fevriye 2015

Sunday, February 8, 2015

Pri gaz la nan peyi Dayiti: analiz Kesner Roro Pharel-la pa kòrèk

Semenn pase-a, Kesner  (Roro) Pharel te bay opinyon-l sou pri gazolin la nan peyi Dayiti. Pri gazolin lan ki desann toupatou nan lemond men ki rete tennfas nan peyi pa-n. Kontrèman ak majorite moun nan peyi-a k-ap mande pou pri gazolin la desann, misye panse ke gouvènman-an ta gen enterè kenbe pri-a menmman parèyman. Si gouvènman-an desann pri-a, pap rete ase lajan lan kès leta-a pou-l fè fas ak tout depans li yo. Selon misye Roro Pharel, desann pri gaz la ta vle di pati lajan gouvènman-an bay kòm sibvansyon-an kapab monte disèt otè. Ankonsekans, anpil travay gouvènman-an ap antreprann kapab kanpe e moun  k-ap travay nan leta kapab nan difikilte pou resevwa salè yo.  Selon ekonomis Roro Pharel, nivo enflasyon-an kapab tèlman elve ke peyi-a kapab twouve-l nan yon la twoublay sanpresedan.

Nou relve yon  gwo kontradiksyon nan analiz Roro Pharel la. Lap pale de enflasyon anmenm tan lap pale de difikilte ke gouvenman-an kapab genyen pou-l peye anplwaye-l yo. Se kòm si-l ta vle di mank lajan nan men moun yo pwal sisite plis demand pou byen de konsomasyon yo, sak pwal kòz tout pri monte. Kijan-k ta fè gen enflasyon si chantiye leta yo kanpe e yon kantite moun kap travay pou leta pa menm kapab touche chèk yo?

Kontrèman ak sa Roro Pharel ta vle fè-n kwè, enflasyon toujou koze pa ogmantasyon volim lajan kap sikile nan ekonomi yon peyi, nonpa pa mank dajan. Ogmantasyon volim lajan pase nesesèman oubyen pa ogmantasyon salè moun kap travay yo oubyen pa ogmantasyon mas salaryal la limenm. Or, en terme de production economique, nous sommes au point mort. Gouvènman-an se sektè ki bay plis travay nan peyi-a, menmsi 60% moun yo pap fe anyen ditou. Kanta sektè prive-a ki baze a 90% sou lenpòtasyon, li pa rive jenere sifizaman anplwa. Donk, selon teyori ekonomik ke yo rele lan lang angle “demand-push inflation” ak “cost-pull inflation” kondisyon yo pa reyini pou enflasyon ke Roro Pharel ap pale-a ta rive.

Sa misye pa di nou sèke kantite taks ke gouvenman-an ap fè nou peye jodi-a depase pri gaz la limenm. Sa pa rive nan okenn peyi di mond, eksepte nan peyi pa-n la. Se sa-n ta rele yon fòm deskwokri. Keksyon de sibvansyon sa-a se yon gwo atifis ke  gouvènman-an ak tout zakolit li yo ap itilize pou yo kapab vòlò pèp la. Sibvansyon nesesè sèlman lè pri pwodjwi de baz yo monte si wo ke-l kreye difikilte ekonomik pou pèp la. Nan ka gaz la, olye ke pri-a monte sou mache entènasyonal la, li chite pi plis ke 50%. Kote pri yon pwodjwi chite pa gen bezwen pou sibvansyon. Se kite mache-a ajiste tèt li poukont li selon “l’offre et la demande”.

Paske gaz se yon pwodjwi transvèsal, rediksyon pri li otomatikman antrene rediksyon pri sou prèske tout bagay moun nan sosyete-a ap itilize. Si leta ta fè defisi a kòz de sa, gen yon seri ajisteman-l ta kapab fè pou-l reponn ak redevans li yo. Kòm Senatè Privert ak Benoit sigjere, li ta kapab rekouri ak yon politik dosterite kote-l ta koupe tout yon seri de depans initil.


Palan de depans initil, misye Roro Pharel bòne-l a pale de keksyon gaz la de fason izole san-l pa denonse vrè rezon ki fè gouvenman-an refize bese pri-l. Li pa denonse swadizan “diplomatie d’affaires” gouvenman-an ki te fè tikrik tikrak prezidan, premye minis, lafanmi prezidansyèl te twouve yo abò yon avyon avèk yon kokenn chenn delegasyon ki koute peyi-a yon pakèt milyon dola. Li pa denonse eskandal kabinè ministeryèl la ki te genyen prè de 50 minis ladan-l à un moment de la durée. Ni li pa di nou non plis de pakèt pòs asistan direktè jeneral sa-yo nan adminitraksyon piblik la, san konte plis ke 450 swadizan konseye kap travay pou prezidans lan e bann kontra sans appel d’offre ki te bay ak de fim dominiken ki pa janm fini travay yo. Tout pil ak paket bagay so yo ki fè gouvenman-an twouve-l lan bankwout  jodi-a e ki fè-l kenbe grif li sou pri gaz la.

Nou te tande misye Roro Pharel ki tap pleyen sou Radio Karayib pandan semenn nan, ki tap di ke-l pa konprann kijan yon seri moun ap lonje dwèt sou li, akize-l de tout peche kapital. Pandan ke nou rekonèt nan li yon nonm trè valab ke sosyete-a pwobableman bezwen, n-ap poze tèt nou kesksyon kijan-l te fè vini ak yon analiz si semplis konsa kote-l epouze tout aguman gouvènman-an san konsiderazyon de tout sa-n emimere la yo. Nou note tou opòtinite ke media yo ak inivèsite nan peyi-a rate pou sisite yon gran deba dide sou keksyon gaz sa-a ki kache yon pakèt lòt bagay dwòl kap fèt nan ekonomi-n nan. Pami yo, nou vle cite le fèt ke ekonomi-a baze esansyèlman sou enpòtasyon, se yon ekonomi de rant ou keksyon de chomaj a outrans lan e kritik de swadizan boujwazi-n nan.


Réginald Villier/8 févriye 2015